Zacarías 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu. 2Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a, 3pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
4Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan? 6Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? 7Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
8Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. 13Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. 14Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”

¿Sabías que…?
El verdadero ayuno y la justicia
- En el cuarto año del rey Darío, una delegación que incluía a Sarezer y Regem-mélec llegó a Jerusalén para preguntar a los sacerdotes y profetas si el pueblo debía continuar observando los ayunos anuales guardados durante los setenta años de exilio.Fuentes: el propio texto bíblico · Sherezer · Regem-melech · Darius
- La respuesta de Zacarías recordó las advertencias de los profetas anteriores antes de la caída de Jerusalén, subrayando que los ayunos religiosos carecen de sentido si no van acompañados de verdadera justicia, compasión y cuidado hacia viudas, huérfanos, extranjeros y necesitados.Fuentes: el propio texto bíblico · Zechariah · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
- Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 7
- South · Hoy: Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 7
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org