Zacarías 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l. 2Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”
Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
3Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. 4Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. 5Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
6“‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. 7‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ 8Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. 9Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. 10Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 11Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. 12SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò. 13Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”

¿Sabías que…?
El Cordel de Medir y la Restauración de Jerusalén
- Zacarías contempla en visión a un hombre con un cordel de medir para determinar las dimensiones de Jerusalén. Un ángel anuncia que la ciudad albergará a tantas personas y animales que habitará sin muros físicos, protegida por Dios como una muralla de fuego a su alrededor.Fuentes: el propio texto bíblico
- La profecía llama a los desterrados dispersos por la tierra a huir de Babilonia y del país del norte, advirtiendo que los pueblos extranjeros que los saquearon serán despojados.Fuentes: el propio texto bíblico · Babylon
- Más allá de la restauración de Judá y Jerusalén, la visión proclama que muchas otras naciones se unirán al Señor y llegarán a ser su pueblo cuando él habite en medio de ellos.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 4, 5, 12
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 10
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org