Nations Bible

Zacarías 14

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. 2Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. 3Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. 4Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. 5Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!

6Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. 7Li va yon jou inik ki konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan aswè, va gen limyè.

8Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.

9Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.

10Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. 11Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.

12Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. 13Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. 14Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.

15Jan fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.

16Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo. 17Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo. 18Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo. 19Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.

20Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo. 21Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Día del Señor y la Adoración Universal

  • El Monte de los Olivos es una colina situada al este de Jerusalén, separada de la ciudad por el valle de Cedrón. Aparte de este pasaje profético, solo se le nombra de forma explícita en otro relato del Antiguo Testamento, cuando el rey David huyó de la ciudad durante la rebelión de Absalón.Fuentes: Mount of Olives · el propio texto bíblico
  • El profeta evoca un gran terremoto ocurrido durante el reinado de Uzías, rey de Judá, un suceso tan impactante que provocó la huida del pueblo. Uzías era hijo de Amasías y gobernó Judá a lo largo de un próspero reinado de unos cincuenta y dos años.Fuentes: Uzziah · el propio texto bíblico
  • El capítulo anuncia que los sobrevivientes de todas las naciones, incluido Egipto, subirán año tras año a Jerusalén para celebrar la Fiesta de los Tabernáculos. Zacarías advierte que aquellos pueblos que no acudan recibirán el castigo de no tener lluvia.Fuentes: Egypt · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 4, 8, 10, 11, 12, 14, 16, 17, 21
  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 4
  • Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 8
  • Salt Sea · Hoy: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículo 8
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 10
  • Benjamin Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Corner Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Tower of Hananel · Hoy: Antonia Fortress · 31.780, 35.234 · versículo 10
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 18, 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.