Tito 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
9Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
¿Sabías que…?
Vidas a la altura de la sana doctrina
- Tito 2 presenta la conducta de cada grupo de la comunidad. Los hombres mayores deben ser moderados, dignos, dueños de sí y sanos en la fe, el amor y la perseverancia. Las mujeres mayores deben ser reverentes en su conducta, no calumniadoras ni adictas a mucho vino, sino maestras de lo bueno, para que puedan instruir a las mujeres jóvenes, mientras a los hombres jóvenes se les exhorta a ser dueños de sí.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo vincula esa conducta con la reputación del mensaje. Las mujeres jóvenes deben ser dueñas de sí, puras, administradoras de su casa, bondadosas y sumisas a sus propios esposos, para que la palabra de Dios no sea desacreditada. La integridad y el lenguaje sano de quien enseña deben dejar a cualquier opositor sin nada malo que decir, y los esclavos que agradan, no discuten y no roban, sino que muestran toda buena fe, son presentados como quienes adornan la enseñanza acerca de Dios, nuestro Salvador.Fuentes: el propio texto bíblico
- Estas instrucciones están junto a lo que el capítulo dice acerca de la gracia. La gracia de Dios se ha manifestado, trayendo salvación a todos, y nos instruye a renunciar a la impiedad y a las pasiones mundanas y a vivir de manera sensata, recta y piadosa en la edad presente. El capítulo habla de esperar la esperanza bienaventurada y la gloriosa manifestación de nuestro gran Dios y Salvador, Jesucristo, quien se entregó para redimirnos de toda iniquidad y purificar para sí un pueblo de su posesión, celoso de buenas obras.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org