Romanos 6
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. 8Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. 23Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
¿Sabías que…?
Muertos al pecado, vivos para Dios
- Romanos 6 comienza preguntando si la gente debería seguir en el pecado para que la gracia aumente, y responde: “¡De ninguna manera!” Quienes han muerto al pecado, argumenta el capítulo, no pueden seguir viviendo en él.Fuentes: el propio texto bíblico
- El bautismo se presenta como bautismo en Cristo Jesús y en su muerte, y como sepultura con él, para que, así como Cristo fue resucitado de entre los muertos por la gloria del Padre, quienes están unidos a él anden en novedad de vida.Fuentes: el propio texto bíblico
- A causa de la debilidad de la carne, el capítulo dice que habla en términos humanos y compara la vida con la esclavitud: la persona se vuelve esclava de aquello a lo que obedece, ya sea el pecado, que lleva a la muerte, o la obediencia, que lleva a la justicia. El texto cierra contrastando la paga del pecado, que es la muerte, con el don de Dios, que es la vida eterna en Cristo Jesús, nuestro Señor.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org