Nations Bible

Romanos 14

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

5Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. 7Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. 8Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a. 9Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.

10Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. 11Paske sa ekri:

“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,

tout jenou ap bese devan Mwen,

e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.

12Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.

13Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. 14Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. 15Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. 16Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. 17Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. 19Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. 20Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. 22Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.

¿Sabías que…?

La comida, los días y no juzgarse unos a otros

  • Este capítulo vincula la fe débil con decisiones concretas: una persona tiene fe para comer de todo, mientras otra, que es débil, come solo verduras, y una persona considera cierto día por encima de los demás, mientras otra estima iguales todos los días. Quien come de todo no debe menospreciar a quien no come, y quien no come no debe juzgar a quien come, porque Dios lo ha aceptado.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Ya sea que alguien coma o se abstenga, u observe un día especial, el capítulo dice que cada uno lo hace para el Señor y da gracias a Dios. Nadie vive ni muere solo para sí: si vivimos, vivimos para el Señor, y si morimos, morimos para el Señor, pues Cristo murió y volvió a la vida para ser Señor tanto de los muertos como de los vivos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo afirma una convicción personal de que nada es impuro en sí mismo, pero que si alguien considera algo impuro, entonces para esa persona lo es. Es mejor no comer carne ni beber vino que hacer tropezar al hermano, porque el reino de Dios no es cuestión de comer y beber, sino de justicia, paz y alegría en el Espíritu Santo.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.