Romanos 10
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4Paske Kris fè lalwa a akonpli, pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay yo bèl!”
16Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la. 18Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:
“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
19Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:
“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
20Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;
Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
21Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

¿Sabías que…?
La justicia por la fe
- El capítulo comienza con el deseo del corazón y una oración a Dios por la salvación de los israelitas. El autor da testimonio de que tienen celo por Dios, pero no con base en el conocimiento: como ignoraban la justicia de Dios y buscaban establecer la suya, no se sometieron a la justicia de Dios. Cristo, dice, es el fin de la ley, para traer justicia a todo el que cree.Fuentes: el propio texto bíblico
- Acerca de la justicia que es por la ley, Moisés escribe: "El hombre que hace estas cosas vivirá por ellas". La justicia que es por la fe dice, en cambio, que la palabra está cerca, en la boca y en el corazón: la palabra de fe que se proclama; si confiesas con la boca "Jesús es el Señor" y crees en el corazón que Dios lo resucitó de entre los muertos, serás salvo. No hay diferencia entre judío y griego, porque el mismo Señor es Señor de todos.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo cita a Isaías: "Señor, ¿quién ha creído nuestro mensaje?" y las palabras audaces de Isaías: "Fui hallado por los que no me buscaron" y, acerca de Israel: "Todo el día he extendido mis manos a un pueblo desobediente y obstinado". Isaías era hijo de Amoz y profetizó durante los reinados de Uzías, Jotam, Acaz y Ezequías. Easton's Bible Dictionary (1897) dice que probablemente comenzó su carrera en 762 a.C.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaiah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org