Apocalipsis 16
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”
2Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.
3Dezyèm zanj lan te vide gode li a nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.
4Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san. 5Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. 6Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”
7Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”
8Katriyèm zanj lan te vide gode li a sou solèy la, epi li te bay a li menm pou chode moun avèk dife. 9Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.
10Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a. 11Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.
12Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
13Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo. 14Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
15“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
16Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.
17Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: “Sa fin fèt.”
18Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
19Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.
20Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.
21Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.

¿Sabías que…?
Las siete copas de la ira
- El nombre Armagedón aparece solo en Apocalipsis 16:16, donde los reyes se reúnen para la batalla; la Revised Version inglesa lo escribe Har-Magedon. El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que la palabra significa propiamente monte de Meguido y la trata como nombre simbólico de ese campo de batalla, imagen sugerida por el gran campo de batalla del Antiguo Testamento, la llanura de Esdraelón.Fuentes: Armageddon · el propio texto bíblico
- La sexta copa se derrama sobre el gran río Éufrates, y el agua se seca para preparar el camino a los reyes del Oriente. El Easton's Bible Dictionary deriva el nombre griego Éufrates del persa Ufratush, con el sentido de agua dulce, y señala que el nombre asirio significa la corriente o la gran corriente. En la Biblia, ese río suele llamarse simplemente el río (Éxodo 23:31) o el gran río (Deuteronomio 1:7).Fuentes: Euphrates · el propio texto bíblico
- Cuando se derrama la séptima copa, el texto dice que Dios se acordó de la gran Babilonia. El Easton's Bible Dictionary identifica a Babilonia como la forma griega de Babel, a partir del nombre semítico Babilu, la Puerta de Dios, una ciudad situada a orillas del Éufrates, unas doscientas millas arriba del punto en que el río se une con el Tigris.Fuentes: Babylon · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 12
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 12
- Babylon · Hoy: Rome · 41.892, 12.485 · versículo 19
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org