Apocalipsis 12
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. 2Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
3Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.
Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an. 6Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasant jou.
7Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
10Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
12“Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
13Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
14Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
15Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. 16Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. 17Donk, dragon an te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.
¿Sabías que…?
La mujer, el dragón y la guerra en el cielo
- En este capítulo, el enorme dragón rojo es nombrado de forma explícita como la serpiente antigua, llamada diablo y Satanás, el engañador del mundo entero. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) explica que Satanás significa adversario o acusador, y que en el Nuevo Testamento el nombre se emplea como equivalente de diablo. Una voz en el cielo lo llama entonces el acusador de los hermanos, el que los acusa día y noche delante de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Satan
- Miguel y sus ángeles luchan contra el dragón en este capítulo. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) llama a Miguel uno de los principales ángeles y afirma que tenía un encargo especial sobre Israel como nación. La misma entrada lo relaciona con la serpiente antigua, llamada diablo y Satanás, que engaña al mundo entero, al citar Apocalipsis 12:7-9.Fuentes: el propio texto bíblico · Michael
- El Diccionario Bíblico de Easton (1897) incluye al dragón y a la serpiente antigua entre los títulos de Satanás, y cita Apocalipsis 12:9. El propio capítulo alterna esas imágenes: después de que el dragón es derribado, a la mujer se le dan dos alas de una gran águila para huir de la serpiente, y de la boca de la serpiente sale agua como un río para arrastrarla.Fuentes: Satan · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org