Salmos 94
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1O SENYÈ, Bondye a vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
2Vin leve, O Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
3Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?
4Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.
5Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
Yo aflije eritaj Ou a.
6Yo touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
7Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
8Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
9Sila ki te plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki enstwi lòm; Li konnen!
11SENYÈ a konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
13pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.
15Paske jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
16Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
17Si SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18Si mwen ta di: “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e kondane inosan yo a lanmò.
22Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.
23Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.
¿Sabías que…?
Salmo 94: Un Clamor Contra la Injusticia y el Poder Corrupto
- El salmo destaca la opresión que sufren la viuda, el extranjero y el huérfano a manos de los malvados. Estos tres grupos representaban a los miembros más vulnerables de la sociedad israelita, ya que carecían de respaldo social o legal para defenderse.Fuentes: el propio texto bíblico
- Para refutar la arrogante afirmación de que Dios no ve la maldad, el salmista apela a la creación. El argumento sostiene que el Creador que formó el oído y el ojo humano no puede carecer de la capacidad de oír, ver y juzgar las acciones humanas.Fuentes: el propio texto bíblico
- El salmo denuncia la injusticia institucional al condenar a un trono corrupto que maquina calamidades mediante decretos. Esto alude a gobernantes y jueces que utilizaban el sistema legal y las leyes para condenar a muerte a personas inocentes.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org