Salmos 91
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
2Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
3Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
4Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
8Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
9Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12Yo va leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.

¿Sabías que…?
Protección y refugio divino
- El salmo combina diversas imágenes para ilustrar la seguridad en Dios, describiéndolo tanto como una estructura defensiva —como fortaleza, refugio y escudo— como un ave protectora que resguarda a los fieles bajo sus plumas y alas.Fuentes: el propio texto bíblico
- El texto enumera peligros de todo tipo y momento, contrastando los terrores nocturnos y la peste que acecha en las sombras con las flechas diurnas, la destrucción del mediodía y fieras salvajes como leones y serpientes.Fuentes: el propio texto bíblico
- En sus versículos finales, el salmo pasa del testimonio del creyente al discurso divino directo, en el que Dios mismo promete rescate, honra y larga vida a quienes lo aman y conocen Su nombre.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org