Salmos 9
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;
Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
2Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;
Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
3Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
4Paske Ou te bay soutyen a dwa m,
avèk koz mwen ki jis;
Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
5Ou te fè chatiman nasyon yo;
Ou te detwi mechan yo;
Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
6Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt.
Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
7Men SENYÈ a la jis pou tout tan;
Li te etabli twòn Li pou jijman.
8Li va jije mond lan avèk ladwati;
Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
9SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
11Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion;
deklare pami pèp yo zèv Li yo.
12Paske Sila ki egzije san an sonje yo;
Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.
13Fè m gras, O SENYÈ;
gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo,
e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
14pou m kab pale tout lwanj a Ou menm.
Konsa, nan pòtay a fi Sion yo,
mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
15Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a;
nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
16Senyè a te leve tèt Li pou yo wè;
Li te rann jijman an.
Nan zèv a pwòp men Li, mechan an
kole nan pwòp pèlen li. Tan
17Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;
menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
18Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
19Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen;
kite nasyon yo jije devan Ou.
20Bay yo lakrent, O SENYÈ;
fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan
¿Sabías que…?
Alabanza por la Justicia Divina y Refugio
- El salmo menciona a Dios habitando en Sion y alabanzas proclamadas en las puertas de la Hija de Sion. Históricamente, Sion era la colina suroriental de Jerusalén que David tomó de los jebuseos para construir su ciudadela y palacio, conociéndose como la Ciudad de David.Fuentes: el propio texto bíblico · Zion
- La dedicatoria inicial asigna el salmo al director del coro con la melodía de 'La muerte del hijo.' El texto también conserva términos musicales o litúrgicos antiguos como 'Higaión' y 'Selah,' que probablemente señalaban interludios instrumentales o pausas de reflexión.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los versículos 15 y 16 recurren a la figura de fosos de caza y redes ocultas para ilustrar la justicia divina, describiendo cómo las naciones hostiles quedan atrapadas en las mismas trampas que prepararon para los demás.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org