Salmos 88
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo
Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.
Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la
1O SENYÈ, Bondye sali mwen an,
Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
2Kite priyè mwen vini devan Ou.
Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
3Paske nanm mwen gen kont twoub li.
Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
4Mwen vin konte pami sila ki desann nan fòs yo.
Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
5abandone pami mò yo, tankou sila
ki te touye e kouche nan tonm lan.
Sila a nou pa sonje ankò menm,
ki koupe retire nan men Ou.
6Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
7Kòlè Ou vin poze sou mwen.
Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan
8Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m.
Ou te fè m yon objè abominab devan yo.
Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
9Zye m gen tan pouri akoz afliksyon.
Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ.
Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
10Èske Ou va fè mirak pou mò yo?
Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
11Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a?
Fidelite Ou nan labim nan?
12Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la?
Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
13Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.
Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
14O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen?
Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?
15Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen.
Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
16Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen.
Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.
17Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen.
Yo ansèkle m nèt.
18Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt,
ak zanmi m yo, nan tenèb.

¿Sabías que…?
Un Clamor en la Profunda Oscuridad
- El encabezamiento designa este cántico como un salmo de los hijos de Coré y un Maskil de Hemán el ezraíta, dirigido según Mahalath Leannoth.Fuentes: el propio texto bíblico
- El orante describe el reino de los muertos mediante varios términos, incluidos el Seol, la fosa, Abadón y la tierra del olvido. El texto plantea preguntas retóricas sobre si las maravillas y la fidelidad de Dios pueden conocerse o alabarse en tales lugares.Fuentes: el propio texto bíblico
- A diferencia de muchos lamentos bíblicos que avanzan hacia expresiones de confianza o alabanza, el Salmo 88 sostiene un tono continuo de sufrimiento y aislamiento, y concluye con la oscuridad descrita como la compañía más cercana de quien clama.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org