Nations Bible

Salmos 81

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

1Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!

2Leve yon chan, bat tanbouren an,

gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

3Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,

sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.

4Paske se yon règleman Israël,

yon òdonans a Bondye Jacob la.

5Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph

lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la.

Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.

6Mwen te retire fado a sou zepòl li.

Men li yo te vin lib panyen an.

7Ou te rele nan twoub la e Mwen

te fè ou sekou.

Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.

Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan

8Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.

O Israël, si ou ta koute Mwen!

9Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.

Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.

10Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,

ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.

Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.

11Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.

Ni Israël pa t obeyi Mwen.

12Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,

pou mache nan pwòp manèv yo.

13O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,

ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!

14Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit

e ta vire men m kont advèsè yo.

15Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm

e pinisyon yo ta pou tout tan.

16Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a.

Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Un llamado festivo y memoria de la liberación

  • El Salmo 81 convoca a celebrar en las fiestas señaladas —específicamente en la luna nueva y en la luna llena— con instrumentos como el cuerno de carnero, panderos, arpas y liras, recordando los mandatos instituidos tras la liberación de Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
  • La imagen de descargar el hombro de los fardos y librar las manos del canasto evoca el duro trabajo forzado de construcción y alfarería experimentado durante la esclavitud en Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
  • El salmo alude a las aguas de Meriba, un manantial en el desierto de Zin cerca de Cades vinculado a las travesías de Israel, donde Dios probó al pueblo y respondió a su angustia.Fuentes: el propio texto bíblico · Meribah (of Kadesh)

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 10
  • Meribah · Hoy: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.