Salmos 77
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
1Vwa m leve vè Bondye!
Mwen kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
2Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
3Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
4Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
5Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
6Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
7“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
8Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske pwomès Li yo fini nèt?
9Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
10Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse
men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11Mwen va sonje zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13Chemen Ou a, O Bondye, se apa.
Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
16Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse.
17Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te limen pa isit e pa lòtbò.
18Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke.
19Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men Moïse avèk Aaron.

¿Sabías que…?
Recordando las Maravillas de Dios en Tiempos de Angustia
- El encabezamiento del salmo asocia la composición con Asaf y Jedutún, ambos identificados en los registros bíblicos como destacados líderes levitas de música y coro durante la época de David.Fuentes: Asaph (Levite) · Jeduthun (Ethan) · el propio texto bíblico
- Para hallar consuelo en medio del insomnio y la profunda aflicción, el salmista medita en la liberación pasada de Israel, recordando poéticamente cómo el mar se abrió y Dios guio a Su pueblo como a un rebaño mediante el liderazgo de Moisés y Aarón.Fuentes: Moses · Aaron · el propio texto bíblico
- La nación redimida es llamada de forma particular como la descendencia de Jacob y José, evocando los orígenes patriarcales de Israel y el linaje preservado durante los años en Egipto.Fuentes: Jacob (Israel) · Joseph (son of Jacob) · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org