Salmos 68
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1Kite Bondye leve!
Kite lènmi Li yo vin gaye!
Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
2Kon lafimen konn chase,
konsa, chase yo.
Kon lasi konn fonn devan dife,
konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
3Men kite moun ladwati yo fè kè kontan.
Kite yo leve wo devan Bondye.
Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
4Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!
Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:
non l se SENYÈ a!
Rejwi devan Li an!
5Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
6Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
7O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a,
lè Ou te mache travèse dezè a,
8tè a te souke.
Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,
prezans Bondye Sinaï a.
Mond lan li menm tè a souke devan prezans
Bondye a, Bondye Israël la.
9Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.
Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
10Moun pa Ou yo te vin rete ladann.
Ou te founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
11Senyè a te anonse pawòl la.
Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
12“Wa lame yo sove ale! Yo kouri!
Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!
13Lè ou kouche nan pak mouton yo,
se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e
plim li ak lò briyan.
14Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,
Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.
15Yon mòn Bondye se Mòn Basan.
Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
16Poukisa nou gade ak anvi,
O tout lòt mòn yo?
Sou mòn ke Bondye te apwente
kon abitasyon Li an?
Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
17Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.
Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
18Ou te monte an wo.
Ou te mennen kaptif yo sòti.
Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,
menm pami rebèl yo tou,
pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
19Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an. Tan
20Bondye pou nou se yon Bondye delivrans.
Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
21Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo,
tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.
22Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan.
Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
23pou pye ou kapab kraze yo bay san,
jis lang chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi an.”
24Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye,
pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,
pou antre nan sanktyè a.
25Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv,
nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
26Beni Bondye nan asanble yo,
SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.
27Men gade Benjamin, pi piti an Israël la,
k ap renye sou yo,
prens a Juda ki konseye yo,
prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
28Bondye ou a te kòmande fòs Ou.
Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.
29Akoz tanp Jérusalem Ou a,
wa yo va mennen kado bay Ou.
30Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,
twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo.
Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo.
Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
31Prens yo va sòti an Égypte.
Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
32Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo,
Chante lwanj a Senyè a, Tan
33A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la,
ki la depi nan tan ansyen yo.
Gade byen, Li pale ak gwo vwa,
yon vwa plen pwisans.
34Rekonèt fòs Bondye a!
Majeste Li sou tout Israël,
pwisans Li nan syèl yo.
35O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!

¿Sabías que…?
El Dios Victorioso de Israel
- El salmo describe una gran procesión festiva hacia el santuario, encabezada por cantores, músicos y jóvenes que tocan panderos. Representantes tanto de tribos del sur, como el pequeño Benjamín y Judá, como del norte, como Zabulón y Neftalí, se unen en la celebración.Fuentes: el propio texto bíblico · Benjamin (patriarch) · Zebulun · Naphtali
- El texto contrasta el imponente monte de Basán, con sus múltiples cumbres, con el monte que Dios eligió para Su morada en Jerusalén. También compara la dispersión de los reyes derrotados por la tierra con la nieve que cae sobre Salmón, un monte boscoso cerca de Siquem.Fuentes: el propio texto bíblico · Bashan · Zalmon · Jerusalem
- Más allá de Israel, el salmo prevé que las naciones extranjeras se someterán y llevarán tributos a Jerusalén. Menciona expresamente la llegada de emisarios desde Egipto y de la tierra de Cus, al sur, extendiendo sus manos hacia Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt · Cush · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 7, 31
- Mount Bashan · Hoy: Jebel Druze · 32.667, 36.733 · versículo 15
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 16
- Holy Place · Hoy: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 17
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 22
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 29
- Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 31
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org