Nations Bible

Salmos 37

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

Yon Sòm David

1Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.

2Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,

e disparèt tankou zèb ki vèt.

3Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

4Pran plezi ou nan SENYÈ a.

Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

5Dedye chemen ou a SENYÈ a.

Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

6Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

Ak jijman ou klere kon midi.

7Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

8Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

9Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,

men sila k ap tann SENYÈ yo,

va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

10Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt.

Ou va chache avèk atansyon plas li,

men li p ap egziste.

11Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a.

Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

12Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo.

Li manje dan l sou li.

13SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.

14Mechan yo rale nepe e koube banza yo,

pou jete aflije yo avèk malere a,

pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.

15Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.

Banza yo ap kase.

16Pi bon se ti kras a moun dwat yo,

pase abondans anpil a mechan yo.

17Paske bra a mechan yo va kase,

men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.

18SENYÈ a konnen jou a sila ki dwat yo.

Eritaj yo va dire jis pou tout tan.

19Yo p ap wont nan move tan.

Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.

20Men mechan yo va peri.

Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.

Yo va vin disparèt.

Tankou lafimen,

yo ale nèt.

21Mechan an prete, men li pa remèt,

men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

22Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a,

men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.

23Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

24Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

25Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,

men mwen poko wè moun dwat ki abandone,

ni desandan li yo k ap mande pen.

26Tout lajounen, moun dwat la

plen ak gras pou prete moun.

Desandan li yo se yon benediksyon.

27Kite mal e fè sa ki bon,

pou ou kab viv jis pou tout tan.

28Paske SENYÈ a renmen jistis,

e li pa abandone fidèl li yo.

Yo prezève pou tout tan,

men mechan yo va vin koupe retire nèt.

29Moun ladwati yo va eritye peyi a,

pou viv ladann pou tout tan.

30Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,

epi lang li va pale jistis.

31Lalwa Bondye nan kè li.

Pa li yo pa janm glise.

32Mechan an ap veye dwat la

pou chache touye li.

33SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,

ni kite li kondane lè li jije.

34Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.

Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.

Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.

35Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan

Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.

36Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò.

Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.

37Byen remake nonm san tò a,

epi gade byen nonm ladwati a,

paske nonm lapè a va gen posterite.

38Men pechè a va detwi nèt.

Posterite a mechan an va koupe retire nèt.

39Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.

Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.

40SENYÈ a ede yo e delivre yo.

Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.

Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Sabiduría sobre el Destino de los Justos y los Malvados

  • El salmo se presenta como una reflexión basada en toda una vida de observación, en la que el autor señala que, desde la juventud hasta la vejez, ha visto el destino de los justos y de los malvados. Más que una oración directa o un lamento, funciona como poesía sapiencial que aconseja guardar paciencia y evitar la inquietud ante la prosperidad temporal del mal.Fuentes: el propio texto bíblico
  • A lo largo del poema, la promesa de heredar y habitar con seguridad en la tierra se reitera como la recompensa duradera para los humildes y los justos. En contraste, la prosperidad efímera de los impíos se ilustra con imágenes agrícolas, como la hierba que se seca pronto, el humo que se disipa y un árbol frondoso que desaparece de repente.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 35

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.