Nations Bible

Salmos 33

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

2Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

3Chante a Li menm yon chan tounèf.

Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

4Paske pawòl SENYÈ a dwat.

Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

5Li renmen ladwati avèk jistis.

Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

6Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

7Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.

Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.

8Kite tout latè krent SENYÈ a.

Kite tout sila ki rete nan mond lan

kanpe etone nèt pa Li menm.

9Paske Li te pale e mond lan te fèt.

Li te kòmande e li te kanpe fèm.

10SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

Li anile pwojè a pèp yo.

11Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

12Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,

13pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a.

SENYÈ a gade depi nan syèl la.

Li wè tout fis a lòm yo.

14Soti nan abitasyon Li an,

Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.

15Li menm ki fòme kè a yo tout,

Li menm ki konprann tout zèv yo.

16Wa a pa sove pa yon lame pwisan.

Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.

17Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a,

ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.

18Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

19pou delivre nanm pa yo devan lanmò,

e kenbe yo vivan nan gwo grangou.

20Nanm nou ap tann SENYÈ a.

Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.

21Paske kè nou rejwi nan Li, akoz

nou mete konfyans nou nan sen non Li.

22Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,

selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Alabanza al Creador y Soberano Señor

  • El salmo convoca expresamente a la alabanza acompañada de instrumentos de cuerda, entre ellos el arpa y un instrumento de diez cuerdas, combinando el canto vocal con una ejecución musical diestra.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La creación se describe como una obra realizada enteramente por la palabra hablada y el aliento del Señor, trayendo a la existencia los cielos, las estrellas y los mares sin esfuerzo físico.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El texto contrasta la protección divina con el poder militar de la antigüedad, señalando que ni los grandes ejércitos, ni la fuerza física, ni los caballos de guerra pueden garantizar la salvación o la victoria.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.