Salmos 148
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!
Louwe Li kote ki wo yo!
2Louwe Li, tout zanj Li yo.
Louwe Li tout lame Li yo!
3Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak dlo ki anwo syèl yo.
5Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
6Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.
Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
7Louwe SENYÈ a soti sou latè,
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
9Mòn yo ak tout kolin yo,
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
13Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14Li te leve yon kòn pou pèp Li a,
Lwanj pou tout fidèl Li yo,
menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.
Louwe SENYÈ a.

¿Sabías que…?
Alabanza universal del cielo y de la tierra
- El Salmo 148 está estructurado como un inventario cósmico integral que convoca a cada nivel de la creación a alabar a Dios. Comienza en las alturas celestiales con ángeles, huestes celestes, el sol, la luna, las estrellas y las aguas superiores, antes de descender a la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico
- La sección terrenal abarca fenómenos meteorológicos, relieves, árboles, animales salvajes y domésticos, así como todos los sectores de la sociedad humana, desde reyes y gobernantes hasta jóvenes, doncellas y ancianos.Fuentes: el propio texto bíblico
- El himno concluye su amplio recorrido enfocándose en el pueblo del pacto, señalando que Dios ha levantado el poder de Sus fieles y describiendo a Israel como un pueblo cercano a Él.Fuentes: el propio texto bíblico · Jacob (Israel)
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org