Salmos 135
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Beni SENYÈ a!
Beni non SENYÈ a!
Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
2nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,
nan lakou lakay SENYÈ nou an!
3Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon.
Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
4Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,
Israël pou pwòp posesyon pa Li.
5Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,
e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.
6Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,
nan syèl la oswa sou tè a,
nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
7Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
8Li te frape premye ne Égypte yo,
ni lòm, ni bèt.
9Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,
sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
10Li te frape anpil nasyon,
e te detwi wa pwisan yo,
11Sihon, wa Amoreyen yo, Og,
wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
12Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj,
yon eritaj a Israël, pèp Li a.
13Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,
Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
14Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e
va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
15Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,
zèv a men a lòm.
16Yo gen bouch, men yo pa pale.
Yo gen zye, men yo pa wè.
17Yo gen zòrèy, men yo pa tande,
ni nanpwen souf nan bouch yo.
18Sila ki fè yo va vin tankou yo.
Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.
19O lakay Israël, beni SENYÈ a!
O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
20O lakay Lévi, beni SENYÈ a!
Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
21Ke SENYÈ a beni soti nan Sion,
Sila ki abite Jérusalem nan,
Beni SENYÈ a!

¿Sabías que…?
Alabanza al Dios Soberano de Israel
- El Salmo 135 destaca a Sehón, rey de los amorreos, y a Og, rey de Basán, como gobernantes prominentes derrotados antes de que Israel recibiera su heredad. Ambos reyes gobernaban territorios al este del río Jordán y eran recordados en los cánticos israelitas por su derrota durante la marcha hacia Canaán.Fuentes: el propio texto bíblico · Sihon · Og
- El salmo concluye con una liturgia dirigida a grupos distintos en el culto: la comunidad general ('casa de Israel'), el linaje sacerdotal ('casa de Aarón') y los demás servidores del templo ('casa de Leví') que servían en los atrios de la casa del Señor.Fuentes: el propio texto bíblico · Aaron · Levi (patriarch)
- Para resaltar el poder soberano de Dios sobre la creación y la historia, el salmo lo contrasta con los ídolos paganos de plata y oro. El texto describe estas estatuas fabricadas como completamente inertes, carentes de aliento e incapaces de hablar, ver u oír.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 8, 9
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 11
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 11
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org