Nations Bible

Salmos 118

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

2O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.

3O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

4O kite sila ki krent SENYÈ yo di:

“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

5Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;

SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.

6SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

Kisa lòm kab fè m?

7SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

8Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan lòm.

9Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan prens yo.

10Tout nasyon yo te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.

11Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

12Yo te antoure mwen tankou myèl.

Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

13Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,

Men SENYÈ a te fè m sekou.

14SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.

Li te vin sali mwen.

15Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.

Men dwat a SENYÈ a se vanyan!

16Men dwat a SENYÈ a leve wo!

Men dwat a SENYÈ a se vanyan!

17Mwen p ap mouri, men m ap viv,

e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.

18SENYÈ a te korije m ak severite,

men Li pa t lage mwen a lanmò.

19Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.

Mwen va antre nan yo.

Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.

20Sa se pòtay SENYÈ a.

Moun ladwati yo va antre ladann.

21Mwen va bay Ou remèsiman,

paske Ou te reponn mwen,

e Ou te vin sali mwen.

22Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,

gen tan vini wòch ang prensipal la.

23Sa fèt pa SENYÈ a.

Li se yon mèvèy nan zye nou.

24Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.

25O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!

O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!

26Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!

Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.

27SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè.

Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.

28Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

29Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

¿Sabías que…?

Acción de gracias por la liberación y la procesión festiva

  • El salmo comienza con un llamado a tres grupos distintos: la nación de Israel, la casa de Aarón (el linaje sacerdotal) y todos los que temen al Señor. Se invita a cada grupo a repetir el estribillo que celebra la fidelidad eterna de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Aaron
  • El texto describe una procesión litúrgica que se acerca al santuario, pidiendo que se abran las puertas de la justicia y recibiendo una bendición desde la casa del Señor. La celebración culmina junto al altar, donde se ata la ofrenda festiva a sus cuernos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La imagen de la piedra desechada por los constructores que llega a ser la piedra angular principal describe un cambio radical, en el que aquello que parecía descartado es elevado por Dios al lugar de mayor honor y estabilidad.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.