Nations Bible

Proverbios 24

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pa fè anvi a moun mechan,

ni dezire pou avèk yo;

2paske panse yo fòmante vyolans

e lèv yo pale inikite.

3Avèk sajès, kay la bati

e avèk bon konprann, li vin etabli.

4Pa konesans, chanm yon moun vin

ranpli avèk tout bèl kalite richès.

5Yon nonm saj byen fò,

e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.

6Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,

e ak konseye an abondans, gen viktwa.

7Sajès twò wo pou moun ensanse a;

li pa ouvri bouch li nan pòtay la.

8Yon moun ki fè plan pou fè mal,

moun va rele li magouyè.

9Fòmante foli se peche,

e mokè a abominab a tout moun.

10Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.

11Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,

ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.

O, kenbe yo!

12Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;

èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè?

Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?

Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?

13Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;

wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

14Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;

si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.

15Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,

kont kote ke moun dwat la rete a.

Pa detwi kote repo li a;

16paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,

men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.

17Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

18Oswa, SENYÈ a va wè l,

vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.

19Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,

ni fè lanvi pou mechan yo,

20paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.

Lanp a mechan an va etenn nèt.

21Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a;

pa asosye ak sila ki pa stab yo,

22paske, malè yo va leve vit.

Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.

23Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:

Fè patipri nan jijman pa bon.

24Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,

pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;

25men pou sila ki repwoche mechan yo,

l ap wale byen ak yo.

Bon benediksyon va tonbe sou yo.

26Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.

27Prepare tout travay ou a deyò;

byen prepare chan ou.

Apre, alò, bati kay ou.

28Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,

e pa bay manti ak lèv ou.

29Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;

mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”

30Mwen te pase nan chan parese a;

akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.

31Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

e kouvri ak move zèb,

Miray an wòch la te fin kraze nèt.

32Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.

33“Yon ti dòmi, yon ti somèy,

yon ti pliye men pou repoze,”

34Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

ak bezwen tankou yon bandi ak zam.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Sabiduría para la Vida Diaria, la Justicia y la Diligencia

  • Proverbios 24:27 refleja las prioridades de la vida agraria antigua al aconsejar preparar primero los campos y asegurar el sustento agrícola antes de edificar una casa. Asegurar una producción confiable de alimentos debía preceder a la inversión en una vivienda familiar.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo confronta la apatía de quien presencia pasivamente la injusticia, afirmando que alegar ignorancia no excusa dejar de socorrer a quienes enfrentan un peligro injusto o la muerte. Asimismo, advierte contra la parcialidad judicial, condenando con firmeza a quien absuelve al culpable.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El vívido retrato de la viña del perezoso resalta el rápido deterioro físico de las tierras desatendidas, invadidas por espinos y con muros de piedra derribados. En las colinas del antiguo Israel, mantener los muros de piedra en terrazas era indispensable para prevenir la erosión del suelo y proteger los cultivos.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.