Proverbios 14
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Fanm saj la bati kay li,
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
2Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;
men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
3Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;
men lèv a saj yo va pwoteje yo.
4Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;
men se fòs a bèf la ki fè richès.
5Yon temwen fidèl p ap bay manti;
men yon fo temwen pale manti.
6Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7Kite prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
9Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;
men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
11Lakay mechan yo va detwi;
men tant a moun dwat la va fleri.
12Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;
men fen li se chemen lanmò an.
13Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e lajwa kon fini nan tristès.
14Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li;
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
15Moun san konprann kwè nan tout bagay;
men yon nonm k ap reflechi veye pa li yo.
16Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17Yon nonm kolerik aji nan foli,
e yon nonm koken va rayi pa lòt yo.
18Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;
men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
19Mal la va bese devan sa ki bon an;
e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
20Malere a vin rayi menm pa vwazen li;
men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men sila ki fè gras a malere a, beni.
22Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare?
Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
23Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
24Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
25Yon vre temwen sove lavi a moun;
men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
26Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
27Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
28Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,
men afè prens ki manke moun gate nèt.
29Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann;
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
30Yon kè trankil se lavi pou kò a;
men pasyon fè tout zo yo pouri.
31Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
32Mechan an jete anba pa malfezans li;
men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
33Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
34Ladwati leve yon nasyon;
men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
35Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès;
men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

¿Sabías que…?
Sabiduría, Trabajo y Justicia
- Proverbios 14 recurre a la vida agrícola cotidiana para ilustrar que la productividad requiere esfuerzo e inversión. Aunque un establo sin bueyes permanece limpio, una cosecha abundante depende de la fuerza del animal de tiro.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo vincula directamente la justicia social con el respeto a Dios. Oprimir o despreciar al pobre y necesitado se presenta como una ofensa a su Creador, mientras que mostrarles bondad y generosidad honra a Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los proverbios aplican la sabiduría moral al gobierno y al bienestar nacional, afirmando que la grandeza de un rey reside en la multitud de su pueblo y que la rectitud enaltece a una nación, mientras que el pecado acarrea deshonra.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org