Filipenses 3
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a. 15Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou. 16Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
17Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an. 18Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la, 19ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

¿Sabías que…?
De la confianza en la carne al conocimiento de Cristo
- Cuando el autor enumera motivos para confiar en la carne, incluye pertenecer a la tribu de Benjamín. Benjamín era el hijo menor de Jacob y Raquel, nacido en Efrata, en el camino entre Betel y Belén. Su madre murió al darlo a luz y lo llamó Ben-oni, "hijo de mi dolor", pero su padre cambió ese nombre por Benjamín.Fuentes: Benjamin (patriarch) · el propio texto bíblico
- El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que los descendientes de Benjamín, los benjamitas, eran en el Éxodo la tribu más pequeña salvo una, marchaban con Manasés y Efraín al oeste del tabernáculo y contaban 45.600 guerreros a la entrada en Canaán. El autor de este capítulo todavía nombra esa tribu como parte de su propio linaje.Fuentes: Benjamin (patriarch) · el propio texto bíblico
- También dice que fue circuncidado al octavo día, hebreo de hebreos y, en cuanto a la ley, fariseo; en cuanto al celo, persiguió a la iglesia y, en cuanto a la justicia de la ley, era intachable. Ahora considera todo eso como pérdida, incluso basura, en comparación con conocer a Cristo Jesús, y pide a los lectores que se cuiden de aquellos a quienes llama mutiladores de la carne.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org