Nations Bible

Números 29

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1“‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. 2Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 3osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, 4epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. 5Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, 6anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

7“‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. 8Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo; 9epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, 10yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 11yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.

12“‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. 13Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; 14epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, 15epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; 16epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.

17“‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 18epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan; 19epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.

20“‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 21epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 22epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.

23“‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 24ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 25epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.

26“‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’ 27epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; 28epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.

29“‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; 30epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 31epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.

32“‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 33epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, 34epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.

35“‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. 36Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; 37ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 38epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.

39“‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”

40Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Las ofrendas del séptimo mes

  • El séptimo mes en el calendario bíblico estaba marcado por importantes convocaciones sagradas: el toque de trompetas en el primer día, un día solemne de humillación en el décimo día y una fiesta de siete días a partir del día quince, concluida con una asamblea en el octavo día.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Durante la fiesta de una semana que comenzaba el día quince, los holocaustos diarios seguían un patrón descendente único para los novillos: comenzaban con trece novillos el primer día y disminuían en uno cada día hasta que se ofrecían siete en el séptimo día.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Estos sacrificios prescritos para las fiestas no reemplazaban el culto habitual; se ofrecían además de los holocaustos diarios regulares, las ofrendas mensuales y cualquier ofrenda voluntaria, de voto o de paz presentada por los adoradores.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.