Números 25
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. 2Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. 3Konsa, Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
4SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
5Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”
6Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. 7Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, 8epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. 9Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
10Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.
12“Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen. 13Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
14Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. 15Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. 16Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17“Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; 18paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
¿Sabías que…?
Una Crisis de Idolatría en Sitim
- El nombre Sitim significa "acacias". Situado en las llanuras de Moab, al este del río Jordán, este valle fue el último campamento de los israelitas antes de entrar en la tierra de Canaán.Fuentes: Shittim · Moab · el propio texto bíblico
- Baal era la principal deidad masculina en la religión fenicia y cananea. Asociado con la cumbre del monte Peor, el culto local a Baal-peor incluía sacrificios y comidas rituales que sedujeron a los israelitas a la apostasía.Fuentes: Baal · Peor · el propio texto bíblico
- Finees era hijo del sumo sacerdote Eleazar y nieto de Aarón. Luego de que su intervención detuviera una plaga devastadora que cobró 24.000 vidas, Dios le otorgó un pacto perpetuo de paz y sacerdocio para su descendencia.Fuentes: Phinehas (Levite) · Eleazar · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 1, 2
- Peor · Hoy: within 1 km of Khirbet Ayun Musa · 31.777, 35.738 · versículos 3, 5, 18
- Midian · 28.495, 35.012 · versículos 15, 18
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org