Nations Bible

Números 20

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.

2Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron. 3Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! 4Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la? 5Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”

6Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm. 7Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 8“Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”

9Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. 10Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” 11Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.

12Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”

13Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.

14Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou; 15ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil. 16Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè tèritwa pa nou an. 17“Souple, kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout tèritwa nou an.”

18“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”

19“Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’” 20Men li te di: “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan. 21Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan tèritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.

22Alò, yo te sòti Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.

23SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di: 24“Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo. 25Pran Aaron avèk fis li a, Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor. 26Retire tout vètman yo sou Aaron e mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”

27Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an. 28Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan. 29Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.

¿Sabías que…?

El Agua de Meribá, la Negativa de Edom y la Muerte de Aarón

  • En Cades, en el desierto de Zin, Miriam murió y fue sepultada, y la comunidad enfrentó una grave escasez de agua. Cuando Moisés golpeó la roca dos veces en lugar de hablarle como se le ordenó, brotó agua, pero se les anunció a Moisés y a Aarón que no introducirían al pueblo en la tierra prometida; el sitio fue llamado Meribá.Fuentes: el propio texto bíblico · Kadesh · Meribah (of Kadesh) · Miriam
  • Moisés se dirigió al rey de Edom llamando al pueblo tu hermano Israel al solicitar permiso para transitar por el Camino Real. Esta petición se basaba en la fraternidad tradicional entre los patriarcas Jacob (Israel) y Esaú (Edom), aunque Edom desplegó un ejército para impedirles el paso.Fuentes: el propio texto bíblico · Edom · Esau (Edom) · Jacob (Israel)
  • En el monte Hor, en la frontera de Edom, Moisés despojó a Aarón de sus vestiduras sacerdotales sagradas y se las puso a su hijo Eleazar, transfiriendo el cargo de sumo sacerdote. Aarón murió en la cumbre del monte, y la comunidad guardó un período de luto de treinta días.Fuentes: el propio texto bíblico · Mount Hor · Aaron · Eleazar

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Zin · Hoy: Zin Desert · 30.971, 35.325 · versículo 1
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 15, 16
  • Meribah · Hoy: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículos 13, 24
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículos 14, 18, 20, 21, 23
  • King’s Highway · 31.955, 35.934 · versículo 17

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.