Nations Bible

Nehemías 5

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, te gen yon gwo kriye a moun sa yo avèk madanm pa yo kont frè Jwif parèy yo. 2Paske te gen nan yo ki te di: “Nou menm, fis nou yo avèk fi nou yo anpil; pou sa, kite nou jwenn sereyal pou nou kab manje e viv.” 3Te gen lòt ki te di: “Nou ap prete kòb kont chan nou yo, chan rezen yo, avèk kay nou yo pou nou kab twouve sereyal pou nou manje akoz gwo grangou a.” 4Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo. 5Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.”

6Epi mwen te byen fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo. 7Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo. 8Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale. 9Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo? 10Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a. 11Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan doliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”

12Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.”

Konsa, mwen te rele prèt yo e te pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo. 13Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.”

Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.

14Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a. 15Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye. 16Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn tèren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la. 17Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo. 18Alò, sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a. 19Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Crisis económica y justicia social

  • La comunidad judía enfrentaba presiones económicas simultáneas, como la escasez de alimentos, los impuestos del imperio persa y préstamos con usura por parte de compatriotas ricos. Para sobrevivir y pagar los tributos reales, las familias más pobres hipotecaban sus campos y viñas y se veían forzadas a entregar a sus hijos a la servidumbre por deudas ante otros judíos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para asegurar el acuerdo de cancelar las deudas y restituir las propiedades confiscadas, Nehemías hizo que los nobles juraran ante los sacerdotes y sacudió los pliegues de su manto. Este acto simbolizaba que Dios despojaría de su casa y de sus posesiones a cualquiera que rompiera dicha promesa.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Nehemías ejerció como gobernador en la tierra de Judá durante doce años, desde el año vigésimo hasta el trigésimo segundo del rey persa Artajerjes. Durante su mandato, renunció a la asignación habitual de pan, vino y cuarenta siclos de plata debida al gobernador para aliviar la carga del pueblo, mientras alimentaba a 150 líderes y visitantes extranjeros a su propia costa.Fuentes: el propio texto bíblico · Artaxerxes

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.