Nehemías 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa. 2Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.”
Konsa, mwen te krent anpil. 3Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
4Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?”
Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la. 5Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”
6Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?”
Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis. 7Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladan yo jiskaske mwen rive Juda; 8anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.”
Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen. 9Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo. 10Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.
11Konsa, mwen te vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou. 12Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. 13Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. 14Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. 15Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. 16Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.
17Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” 18Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo.
Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.
19Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
20Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”
¿Sabías que…?
Nehemías Inspecciona las Murallas en Ruinas
- El gobernante persa que otorgó a Nehemías el permiso para reconstruir Jerusalén fue el rey Artajerjes, identificado habitualmente como Artajerjes I Longímano. El rey le proporcionó escoltas armadas y cartas oficiales que autorizaban su libre paso al oeste del Éufrates y madera provista por Asaf, guardián del bosque real.Fuentes: Artaxerxes · Asaph · el propio texto bíblico
- Para evaluar los daños sin alarmar a la población local ni a los gobernantes vecinos, Nehemías llevó a cabo una inspección nocturna y secreta de Jerusalén. Cabalgando junto a lugares como la Puerta del Valle, la Puerta del Muladar y la Fuente del Dragón, halló tantos escombros que su animal no pudo avanzar.Fuentes: Dung Gate · Dragon Spring · el propio texto bíblico
- La reconstrucción enfrentó la oposición inmediata de dirigentes regionales vecinos: Sanbalat, quien tenía autoridad en Samaria; Tobías, un oficial amonita; y Gesem, líder de los árabes. Estos se burlaron de la iniciativa y acusaron a Nehemías de rebelarse contra la corona persa.Fuentes: Sanballat · Tobiah · Geshem · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Beyond the River · 31.777, 35.234 · versículos 7, 9
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 11, 12, 13, 17, 20
- Dung Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 13
- Fountain Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
- Siloam · Hoy: Pool of Siloam · 31.771, 35.235 · versículo 14
- Kidron · Hoy: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 15
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org