Marcos 8
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo: 2“Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. 3Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
4Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
5Li te mande yo: “Konbyen mòso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
6Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la. 7Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
8Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk mòso kase ki te rete. 9Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale. 10Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.
11Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
12Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.” 13Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
14Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon mòso nan kannòt la avèk yo.
15Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di? 18Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje 19lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”
Yo te di Li: “Douz”.
20“Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”
Yo te di li: “Sèt”.
21Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
22Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.
23An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
24Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
25Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
26Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”
27Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
28Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
29Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
30Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
31Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rejte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò. 32Li t ap pale bagay la byen klè.
Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
33Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
34Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen. 35Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36“Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li? 37Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38“Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

¿Sabías que…?
Ver quién es Jesús
- Después de que unos cuatro mil hombres comieron y se recogieron siete cestas de pedazos, Jesús entró en la barca con sus discípulos y fue a la región de Dalmanuta, un nombre que aparece solo en este capítulo. Era un lugar en el lado oeste del mar de Galilea, cerca de Magdala. En el pasaje paralelo de Mateo, él llega a los límites de Magdala, que probablemente era el nombre griego de una de las torres de vigilancia de la orilla occidental del lago.Fuentes: el propio texto bíblico · Dalmanutha
- En Betsaida, algunas personas trajeron a un ciego, y Jesús lo llevó de la mano fuera de la aldea, le escupió en los ojos y le puso las manos encima. Al principio, el hombre veía a la gente como árboles que caminaban; solo cuando Jesús volvió a poner las manos sobre los ojos del hombre se le restauró la vista por completo. La ciudad se describe en el lado este del lago, a unas dos millas subiendo el Jordán, en Gaulanítide; Felipe el tetrarca la amplió y la llamó Julias, por la hija del emperador, aunque algunos han supuesto que había una sola Betsaida, edificada a ambos lados del lago, cerca de donde el Jordán entra en él.Fuentes: el propio texto bíblico · Bethsaida
- Jesús y sus discípulos siguieron hacia las aldeas de alrededor de Cesarea de Filipo, ciudad situada unas veinte millas al norte del mar de Galilea, junto a la base del monte Hermón, en el nacimiento superior del Jordán, y descrita como el límite norte de su ministerio público. Según algunos, antes había sido Baal-Gad o Baal-Hermón, un santuario cananeo de Baal, y después se llamó Panio o Paneas, por una caverna profunda llena de agua cerca de la ciudad. Allí Pedro dijo: "Tú eres el Cristo"; y cuando reprendió a Jesús por enseñar que el Hijo del Hombre debía sufrir muchas cosas, ser muerto y resucitar después de tres días, Jesús respondió: "Ponte detrás de mí, Satanás", nombre que significa adversario o acusador.Fuentes: el propio texto bíblico · Caesarea Philippi · Satan
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Caesarea Philippi · Hoy: Banias · 33.246, 35.693 · versículo 27
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 27
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org