Nations Bible

Marcos 5

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo. 2Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. 3Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. 4Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. 5Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.

6Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L. 7Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”

8Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!” 9Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?”

Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.” 10Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.

11Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan. 12Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”. 13Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.

14Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a. 15Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent. 16Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo. 17E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.

18Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.” 20Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.

21Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a. 22Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li. 23Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.” 24Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.

25Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”. 29Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.

30Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”

31Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”

32Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.

33Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.

34Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.

35Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. 36Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

37Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques. 38Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tenten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”. 39Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.

40Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”

42Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Restauración en las dos orillas del mar

  • Marcos dice que desembarcaron en la región de los gerasenos, y el hombre liberado proclamó entonces por toda la Decápolis cuánto había hecho Jesús por él. La Decápolis era un distrito de diez ciudades al este y sureste del mar de Galilea, habitado sobre todo por griegos, y Gadara era una de ellas. Un encabezado de las fuentes también llama al episodio endemoniados gadarenos, un nombre de lugar distinto de los gerasenos de Marcos.Fuentes: el propio texto bíblico · Decapolis · Gadarene Demoniacs
  • En la otra orilla, un jefe de la sinagoga llamado Jairo rogó a Jesús que fuera a ver a su hijita. El Easton's Bible Dictionary (1897) lo identifica como dirigente de la sinagoga de Cafarnaúm, cuya única hija Jesús devolvió a la vida. Marcos registra “Talitha koum”, explicado como “Niña, te digo: levántate”; el diccionario cita “Talitha cumi”, “Muchacha, levántate”, y dice que Jesús mandó darle de comer para fortalecerla y mostrar que no era un fantasma, sino que había vuelto a la vida ordinaria.Fuentes: el propio texto bíblico · Jairus
  • Jesús permitió que solo Pedro, Santiago y Juan entraran con el padre y la madre de la niña. El Easton's Bible Dictionary (1897) describe a Santiago como pescador, hijo de Zebedeo y hermano mayor de Juan, socio de Pedro, y señala que estuvo presente cuando Jesús levantó a la hija de Jairo.Fuentes: el propio texto bíblico · James (Son of Zebedee)

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Gerasa · Hoy: Jerash · 32.272, 35.891 · versículo 1
  • Decapolis · 32.717, 35.800 · versículo 20

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.