Nations Bible

Marcos 15

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.

2Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?”

Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”

3Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.

4Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”

5Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.

6Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo. 7Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun. 8Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. 9Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?” 10Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.

11Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.

12Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”

13Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”

14Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”

15Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.

16Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye. 17Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li. 18Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!” 19Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li. 20Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li. 21Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.

22Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt. 23Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li. 24Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.

25Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.

26Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.

27Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”

29Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”

31Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32“Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.

33Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”

35Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”

36Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”

37Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.

38Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.

39Lè santenye Women an, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”

40Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, Joses, ak Salomé. 41Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.

42Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a, 43Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.

44Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja. 45Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.

46Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.

47Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.

¿Sabías que…?

Juicio, crucifixión y sepultura

  • Según el Easton's Bible Dictionary (1897), Poncio Pilato fue procurador romano de Judea del año 26 al 36 d. C., con sede en Cesarea, aunque a menudo subía a Jerusalén. En la fiesta era su costumbre soltar a un preso elegido por el pueblo. Barrabás, nombre que significa “hijo de Abba” o “hijo de un padre”, era un ladrón notorio, preso con rebeldes que habían cometido un asesinato durante una insurrección, y la multitud exigió que lo soltaran a él en lugar de Jesús.Fuentes: Pontius Pilate · Barabbas · el propio texto bíblico
  • Llevaron a Jesús a un lugar llamado Gólgota, que Marcos explica como el Lugar de la Calavera. El nombre representa en letras griegas la palabra aramea Gulgaltha, el hebreo gulgoleth, que significa “calavera”, y es el mismo lugar conocido como Calvario. Era un pequeño montículo redondeado como una calavera desnuda, un sitio bien conocido fuera de la puerta y cerca de la ciudad.Fuentes: Golgotha · el propio texto bíblico
  • A la hora novena, Jesús clamó: “Eloi, Eloi, lema sabachthani?”, que Marcos explica como “Dios mío, Dios mío, ¿por qué me has desamparado?”. Algunos que estaban cerca pensaron que llamaba a Elías, el profeta tisbita, y alguien sugirió que esperaran para ver si Elías venía a bajarlo.Fuentes: el propio texto bíblico · Elijah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 21
  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 41
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 41

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.