Mateo 25
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a. 2Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann. 3Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo. 4Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo. 5Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
6“Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’
7“Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo. 8Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’
9“Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
10“Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.
11“Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.
12“Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’
13“Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.
14“Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. 15A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la. 16Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. 17“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. 18Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19“Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo. 20Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22“Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24“Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28“Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
31“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34“Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37“Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44“Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45“Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
¿Sabías que…?
Preparados antes de que venga el Hijo del Hombre
- Mateo 25 compara el reino de los cielos con diez vírgenes que toman lámparas y salen al encuentro del novio. Las cinco prudentes llevan aceite en frascos; las cinco insensatas no lo llevan y, tras la demora, un grito a medianoche las encuentra con las lámparas apagándose, de modo que les dicen que compren aceite y ellas vuelven cuando la puerta de la boda ya está cerrada. Él les dice que no las conoce, y el relato termina diciendo que hay que velar, porque nadie sabe el día ni la hora.Fuentes: el propio texto bíblico
- La escena siguiente es la de un hombre que, antes de un viaje, confía sus bienes a tres siervos: cinco talentos, dos talentos y un talento, a cada uno según su capacidad. Los dos primeros ponen el dinero a trabajar y lo duplican; el que recibió un solo talento cava un hoyo y lo esconde. Después de mucho tiempo, el señor alaba a los dos primeros como buenos y fieles y los invita a entrar en su alegría, pero llama al tercero malo y perezoso, y dice que la suma debió dejarse con los banqueros para que produjera intereses.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo termina con el Hijo del Hombre que viene en gloria con todos los ángeles y se sienta en su trono glorioso mientras las naciones se reúnen ante él. Las separa como un pastor separa las ovejas de las cabras: las ovejas a su derecha y las cabras a su izquierda. Recibe a los de la derecha por haber dado de comer al hambriento, de beber al sediento, acogido al extranjero, vestido al desnudo, cuidado al enfermo y visitado al preso, y dice que lo hecho a uno de estos sus hermanos más pequeños fue hecho a él, mientras los de la izquierda, que no hicieron nada de esto, van al castigo eterno, y los justos a la vida eterna.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org