Nations Bible

Mateo 23

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo 2Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la. 3Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo. 4Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.

5“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long. 6Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo, 7ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).

8“Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. 9Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. 10Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.

11“Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 12Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.

13“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon. 14“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.

15“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm.

16“Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’ 17Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?

18“Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’. 19Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?

20“Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li. 21Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan. 22Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.

23“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. 24Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!

25“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo. 26Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.

27“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti. 28Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.

29“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo, 30epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’. 31An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm se fis a moun ki te touye pwofèt yo.

32“Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a. 33Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?

34“Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt, 35pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.

36“Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.

37“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.

38“Gade byen, lakay nou rete nan men nou dezole nèt. 39Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: ‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”

¿Sabías que…?

Los ayes de Jesús y el lamento por Jerusalén

  • Jesús habla de la sangre justa derramada desde Abel, el segundo hijo de Adán y Eva, a quien mató su hermano Caín, hasta Zacarías, hijo de Berequías, asesinado entre el templo y el altar. Un relato relacionado dice que esto alude a Zacarías, hijo o nieto del sumo sacerdote Joiada, que fue apedreado en el atrio del templo por orden del rey, después de condenar al rey y al pueblo.Fuentes: el propio texto bíblico · Abel · Zacharias · Jehoiada
  • Jesús compara su anhelo de reunir a los hijos de Jerusalén con una gallina que junta a sus polluelos bajo las alas. Una nota de diccionario dice que esta ave conocida era común entre los judíos de Palestina en tiempos posteriores, y que solo se menciona en este lamento y en el lamento semejante de Lucas.Fuentes: el propio texto bíblico · Josiah
  • El lamento se dirige a Jerusalén, una ciudad de montaña cuyo nombre se explica como “posesión de paz” o “fundamento de paz”. La forma dual del nombre probablemente se refiere a los dos montes sobre los que fue construida, Sion y Moria, o, como algunos suponen, a las partes alta y baja de la ciudad. Jesús dice que la ciudad mata a los profetas y apedrea a los que le son enviados, y que su casa le queda desolada.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 37

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.