Mateo 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
3Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.
5Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;
6“E ou menm, Bethléem, peyi Judée,
ou pa manke valè pami chèf Judée yo:
paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,
Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
7Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la. 8Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”
9Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.
13Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”
14Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.
16Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo. 17Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:
18“Yon vwa te tande nan Rama;
yo te kriye e fè gwo lamantasyon.
Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo;
li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”
19Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv: 20“Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”
21Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël. 22Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo. 23Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.

¿Sabías que…?
Magos, Herodes y Nazaret
- El rey Herodes de este capítulo es Herodes el Grande. Su hijo Arquelao, habido con Malthace, una mujer samaritana, heredó la tercera parte del reino: Idumea, Judea y Samaria. Hasta pocos días antes de la muerte de Herodes, otro hijo, Antipas, había sido nombrado sucesor, pero en sus últimos momentos Herodes nombró a Arquelao; por temor a él, José se apartó de Judea y se retiró a Galilea.Fuentes: Archelaus · el propio texto bíblico
- Mateo relaciona la muerte de los niños en Belén con palabras pronunciadas por el profeta Jeremías: una voz en Ramá, Raquel llorando por sus hijos. Raquel, una de las esposas de Jacob, murió al dar a luz a Benjamín y fue sepultada junto al camino de Efrata, es decir, Belén, justo al norte de la ciudad. Su sepulcro es objeto de gran veneración entre los judíos.Fuentes: el propio texto bíblico · Rachel · Bethlehem
- Belén, en la región montañosa de Judá, se llamaba antes Efrata y también era conocida como la ciudad de David; bajo los romanos quedaba en Judea, la más meridional de las tres divisiones de Palestina. José y María fueron en cambio a Nazaret, en Galilea, su hogar, un pueblo que no se menciona en el Antiguo Testamento. En general se supone que el nombre Nazaret proviene del hebreo netser, un renuevo o brote, aunque algunos lo relacionan con una palabra que significa guardar o vigilar.Fuentes: Bethlehem · Judea · Nazareth · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículos 1, 5, 6, 8, 9, 16
- East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 9
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5, 22
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 13, 14, 15, 19
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 22
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 23
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org