Mateo 15
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L: 2“Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo pa lave men yo lè yo manje pen.”
3Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? 4Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
5Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an. 7Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
8Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
9An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
10Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 11Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
12Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
13Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache. 14Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
15Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”
16Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
21Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon. 22Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”
23Men Li pa t reponn li yon mo.
Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
24Men Li te reponn e te di: “ Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”
25Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
26Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
27Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
28Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.
29Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
30Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo. 31Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.
32Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
33Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
34Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?
Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
35Li te kòmande foul la chita atè. 36Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen. 38Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
39Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan an.

¿Sabías que…?
La tradición, la costa de Tiro y el pan junto al lago
- Unos fariseos y escribas llegaron desde Jerusalén y preguntaron por qué los discípulos de Jesús comían sin lavarse las manos, y lo trataron como una ruptura de la tradición de los ancianos. Él respondió citando a Isaías, a quien el Easton's Bible Dictionary (1897) identifica como hijo de Amoz y sitúa en los reinados de Uzías, Jotam, Acaz y Ezequías, acerca de gente que honra a Dios con los labios mientras el corazón está lejos.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaiah
- Jesús se retiró entonces a la región de Tiro y Sidón, donde una mujer cananea le pidió que sanara a su hija y lo llamó Hijo de David. Sidón, en la costa del Mediterráneo al norte de Tiro, tomó su nombre de Zidón, el hijo mayor de Canaán y antepasado de los sidonios y de los fenicios. Era la ciudad fenicia más antigua y la ciudad madre de Tiro; quedaba en el territorio de Aser, pero nunca fue sometida.Fuentes: el propio texto bíblico · Sidon · Tyre · Canaan
- Después, Jesús avanzó junto al mar de Galilea, se sentó en un monte y sanó a las personas puestas a sus pies, antes de alimentar a cuatro mil hombres, además de mujeres y niños, con siete panes y unos pocos peces pequeños. El Easton's Bible Dictionary (1897) señala que Juan llama a ese lago mar de Tiberíades y sitúa su superficie a 682 pies por debajo del Mediterráneo. El mismo diccionario dice que la travesía en barca terminó en Magadán, un nombre que aparece solo en este capítulo y que Marcos llama Dalmanuta, en la orilla occidental del lago.Fuentes: el propio texto bíblico · Sea of Galilee · Magadan
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 21
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 21
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 21
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 22
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 29
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org