Nations Bible

Malaquías 2

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1“Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou. 2Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè. 3Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l. 4Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo. 5“Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen. 6Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te detounen anpil moun soti nan inikite. 7Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo. 8Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo. 9“Akoz sa Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a. 10Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo? 11Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. 12SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.

13“Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

17“Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Reprensión de la Infidelidad y Honra a los Pactos

  • El capítulo reprende severamente al sacerdocio al recordar el pacto de Dios con Leví. Se describe al sacerdote como un mensajero del Señor de los Ejércitos, cuyos labios deben guardar el conocimiento e impartir una instrucción fiel en lugar de hacer tropezar al pueblo.Fuentes: el propio texto bíblico · Levi (patriarch)
  • El profeta confronta al pueblo de Judá y de Jerusalén por faltar a la lealtad mutua. El texto condena el unirse a la adoración de dioses extranjeros y el abandono de las esposas de su juventud, presentando el matrimonio como un pacto sagrado celebrado ante Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.