Nations Bible

Lucas 7

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm. 2Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri. 3Lè li te tande afè Jésus a, chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a. 4Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li. 5Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.” 6Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen. 7Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri. 8Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”

9Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.” 10Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.

11Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

16Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”! 17Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.

18Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo. 19Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?” 20Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”

21Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg. 22Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande.

‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache,

lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve,

e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.

23Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”

24Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van? 25Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye. 26Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.

27“Se li menm sou sila yo te ekri a:

‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou,

ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’

28“Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”

29Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an. 30Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.

31“A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble? 32Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’ 33Paske Jean-Baptiste te vini san manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab! 34Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! 35Men sajès la jistifye pa tout pitit li yo.

36Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an. 39Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”

40Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.”

Li te di: “Pale, Mèt.”

41Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-san denye, epi lòt la, senkant. 42Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”

43Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”

“ Li te di li: “Ou jije byen”.

44Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li. 45Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen. 46Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.

47“Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”

48Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.

49Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”

50Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Fe, compasión y la pregunta de un profeta

  • El Easton's Bible Dictionary (1897) describe Capernaúm como una ciudad de Galilea que no se menciona en el Antiguo Testamento y que llegó a ser la ciudad que Jesús trataba como suya después de ser expulsado de Nazaret, escenario de muchos episodios de su vida. En este capítulo llega allí y encuentra al siervo muy estimado de un centurión a punto de morir; unos ancianos judíos ruegan, diciendo que el oficial ama a su nación y ha construido su sinagoga.Fuentes: Capernaum · el propio texto bíblico
  • El Easton's Bible Dictionary (1897) relaciona el nombre Naín con una palabra hebrea que significa pastos verdes o hermoso, e identifica el pueblo con la aldea de Nein, en la ladera noroeste del Jebel ed-Duhy, llamado también la colina de Moré o el Pequeño Hermón, a unas cuatro millas de Tabor y veinticinco millas al suroeste de Capernaúm, sobre la llanura de Esdraelón. A la puerta del pueblo, Jesús se encontró con el funeral del hijo único de una viuda, y el asombro se extendió por la multitud.Fuentes: Nain · el propio texto bíblico
  • Juan el Bautista es presentado como el precursor del Señor y como hombre de linaje sacerdotal: su padre, Zacarías, era sacerdote del turno de Abías, y su madre, Elisabet, era una de las hijas de Aarón. Su misión se describe como objeto de profecía, y en este capítulo Jesús dice a las multitudes que Juan es más que un profeta, el mensajero enviado por delante para preparar el camino, mientras los discípulos de Juan preguntan si Jesús es el que había de venir.Fuentes: John the Baptist · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Nain · Hoy: Nein · 32.631, 35.350 · versículo 11
  • Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 17

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.