Lucas 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a 2pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
3Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
4Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
5Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. 6Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. 7Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
8Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
9Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, 10paske sa ekri:
‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
12Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li konn di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
13Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
14Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. 15Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
16Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18“Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
20Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki t ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
23Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
24Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. 25Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. 26Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman a Sarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. 27Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
28Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan 30do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.
33Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34“Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
35Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
36Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 37Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
38Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. 39Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
42Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.” 44Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.
¿Sabías que…?
La Tentación y el Inicio del Ministerio de Jesús
- En la sinagoga de Nazaret, la ciudad donde se había criado, a Jesús se le entregó el rollo del profeta Isaías. Tras desenrollarlo y leer el pasaje sobre dar buenas nuevas a los pobres y proclamar libertad a los cautivos, lo enrolló de nuevo, se lo devolvió al asistente y se sentó a enseñar.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaiah · Nazareth
- Para señalar la falta de fe de sus oyentes locales, Jesús recordó cómo Elías fue enviado a socorrer a una viuda en Sarepta de Sidón y no a viudas de Israel, y cómo Eliseo sanó a Naamán el sirio en lugar de a leprosos israelitas.Fuentes: el propio texto bíblico · Elijah · Elisha · Naaman
- Tras ser rechazado y casi arrojado desde la cima de la colina de Nazaret, Jesús trasladó su actividad a Capernaúm, en Galilea, donde enseñaba con autoridad en día de reposo, expulsaba demonios y sanó a la suegra de Simón de una intensa fiebre.Fuentes: el propio texto bíblico · Capernaum · Galilee
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 14, 31
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículos 16, 34
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 26
- Zarephath · Hoy: Sarepta · 33.464, 35.295 · versículo 26
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 44
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org