Lucas 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li. 2Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
3Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen: 4Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
5Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li? 6Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.” 7Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
8Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
9Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil. 10Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid. 11Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid. 12Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò. 13Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
14Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’ 15Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo? 16Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.”
Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
17Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri:
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a;
sila a te devni lang prensipal la.’?
18Tout moun ki tonbe sou wòch sa a,
va kraze an mòso; men sou nenpòt
moun ke li menm tonbe,
l ap gaye li tankou pousyè.”
19Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. 20Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a. 21Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite. 22Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
23Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo: 24“Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
26Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans. 27Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon). 28Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a. 29Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit. 30Konsa, dezyèm nan, 31epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit. 32Finalman, fanm nan te mouri tou. 33Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
34Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. 35Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. 36Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an. 37Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki 38viv de Li yo.”
39Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.” 40Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
41Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David? 42Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo:
‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
43Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
44Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
45Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo: 46“Fè atansyon de skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo; 47ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”

¿Sabías que…?
Debates en los atrios del templo
- Cuando le preguntan con qué autoridad actúa, Jesús pregunta si el bautismo de Juan venía del cielo o de los hombres. Los líderes no responden: si dicen que del cielo, él puede preguntar por qué no le creyeron; si dicen que de los hombres, temen que el pueblo los apedree, pues la multitud está convencida de que Juan era profeta. El Easton's Bible Dictionary (1897) describe a Juan el Bautista como de linaje sacerdotal —su padre, Zacarías, sacerdote del turno de Abías, y su madre, Elisabet, de las hijas de Aarón— y señala que su misión fue objeto de profecía.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist
- Unos saduceos, que dicen que no hay resurrección, preguntan de quién sería esposa una mujer si, como escribió Moisés, siete hermanos se hubieran casado con ella, uno tras otro, para suscitar descendencia. Jesús señala el pasaje de la zarza ardente, donde Moisés llama al Señor el Dios de Abraham, el Dios de Isaac y el Dios de Jacob, y dice que Dios es Dios de los vivos. El Easton's Bible Dictionary llama a Abraham, hijo de Taré, padre de una multitud; a Isaac, único hijo de Abraham con Sara; y a Jacob, también llamado Israel, segundo gemelo de Isaac y Rebeca, el que sigue los talones de otro.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham · Isaac · Jacob (Israel)
- Jesús pregunta cómo el Cristo puede ser hijo de David si el propio David, en el libro de los Salmos, lo llama Señor. El Easton's Bible Dictionary identifica a David como el octavo y más joven hijo de Isaí, ciudadano de Belén, que al principio apacentaba las ovejas de su padre en las tierras altas de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · David
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org