Nations Bible

Levítico 14

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Sa va lalwa pou moun lalèp la nan jou pirifikasyon li. Alò, li va vin mennen devan prèt la, 3epi prèt la va ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la, 4alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a. 5Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule. 6Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a. 7Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.

8“Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo. Li va raze tout cheve li, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Apre tout sa a, li mèt antre nan kan an, men li va rete deyò tant li an pandan sèt jou. 9Li va nan setyèm jou a pase razwa nan tout cheve li. Li va taye tèt li, bab li, sousi li, e menm tout cheve li. Alò, li va lave rad li yo e benyen kò l nan dlo. Konsa, li vin pwòp.

10“Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj en nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon boutèy demi lit lwil. 11Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a.

12“Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. 13Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout. 14Alò, prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la, e prèt la va mete li sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 15Prèt la va osi pran kèk nan boutèy demi lit lwil la, e li va vide li nan pla men goch li. 16Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a. 17Nan lwil ki rete nan pla men l lan, prèt la va mete kèk sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous a men dwat li ak sou gwo zòtèy a pye dwat li, sou san a ofrann koupab la. 18Epi rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a. Epi prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.

19“Apre sa, prèt la va ofri ofrann peche a, e li va fè ekspiyasyon pou sila k ap vin pirifye de kondisyon pa pwòp li a. Alò, apre, li va touye ofrann brile a. 20Prèt la va ofri ofrann brile a ak ofrann sereyal la sou lotèl la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin pwòp.

21“Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil; 22epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a.

23“Konsa, nan uityèm jou a, li va mennen yo pou pirifikasyon li bay prèt la, nan pòtay tant asanble a, devan SENYÈ a. 24Prèt la va pran jenn mouton ofrann koupab la, ak boutèy demi lit lwil la, e prèt la va ofri yo kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. 25Apre sa, li va touye jenn mouton ofrann peche a. Epi prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la pou mete sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 26Prèt la va osi vide kèk nan lwil la nan pla men goch li; 27epi avèk dwèt men dwat li, li va flite kèk nan lwil ki nan pla men goch la sèt fwa devan SENYÈ a. 28Apre sa, prèt la va mete kèk nan lwil ki nan pla men an sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li, sou gwo zòtèy pye dwat li, sou plas san a ofrann koupab la. 29Anplis, rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a, pou fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a. 30Li va, alò, ofri youn nan toutrèl oswa nan pijon yo, selon kapasite li. 31Sa li kapab selon mwayen li, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile, ansanm avèk ofrann sereyal la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou sila k ap vin pirifye a.”

32Sa se lalwa pou sila ki gen yon enfeksyon lalèp, ki gen mwayen limite pou pirifikasyon li.

33SENYÈ a te pale ankò ak Moïse avèk Aaron e te di: 34“Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an, 35alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’ 36Alò, prèt la va pase lòd pou yo mete kay la vid avan prèt la antre pou gade mak la, jis pou tout bagay nan kay la pa oblije vin pa pwòp. Apre, prèt la va antre pou gade kay la. 37Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la, 38alò, prèt la va sòti nan kay la pou rive nan pòtay la, e li va fèmen kay la pandan sèt jou. 39Prèt la va retounen nan setyèm jou a, e li va pase fè enspeksyon. Si mak la te vrèman agrandi nan mi kay la, 40alò, prèt la va pase lòd pou yo chire retire wòch ki gen mak ladan yo a, pou jete yo deyò nan yon plas ki pa pwòp deyò lavil la. 41Li va fè yo grate kay la tout anndan, e yo va jete tout vye kras mòtye deyò nan yon plas deyò lavil la. 42Alò, yo va retire lòt wòch ki kontamine yo pou ranplase yo, e li va pran mòtye nèf pou fè randisaj kay la.

43“Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la, 44alò, prèt la va vin antre pou fè yon enspeksyon. Si li wè ke mak la vrèman vin gaye nan kay la ankò, sa se yon mak maleng ki nan kay la. Li pa pwòp. 45Pou sa, li va kraze kay la nèt, avèk wòch li yo, bwa li yo, ak tout ansyen randisaj li. Li va mete yo deyò lavil la nan yon kote ki pa pwòp.

46“Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin pa pwòp pou jis rive nan aswè. 47Menm jan an, nenpòt moun ki kouche nan kay la, li va lave rad li, e nenpòt moun ki manje nan kay la, li va lave rad li.

48“Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò. 49Alò, pou netwaye kay la, li va pran de zwazo avèk bout bwa sèd, avèk yon fisèl wouj, ak izòp, 50epi li va touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt ak tè anwo dlo fwe. 51Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa. 52Konsa li va netwaye kay la avèk san zwazo a e avèk dlo fwe a, ansanm avèk zwazo vivan an, avèk bout bwa sèd yo, avèk izòp e avèk fisèl wouj la. 53Men li va kite zwazo vivan an vin lage pou l lib deyò lavil la nan yon chan byen laj. Konsa li va fè ekspiyasyon pou kay la, e kay la va vin pwòp.”

54Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal 55epi pou yon rad oswa yon kay avèk lalèp kanni, 56epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan— 57pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp.

Sa se lalwa lalèp la.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Purificación de enfermedades cutáneas y de casas

  • El ritual de purificación para una persona sanada de una afección cutánea o para una casa contaminada requería dos aves vivas y limpias, madera de cedro, hilo carmesí e hisopo. Se sacrificaba un ave sobre agua fresca en una vasija de barro, mientras que el ave viva se mojaba en la sangre con agua y se soltaba en campo abierto.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Aunque el ritual habitual en el octavo día exigía tres corderos y harina fina, la ley ofrecía una alternativa para las personas pobres. Quien no tuviera suficientes recursos podía presentar un solo cordero junto con dos tórtolas o dos pichones de paloma.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Las normas relativas a las casas de piedra afectadas anticipaban el futuro asentamiento en Canaán, la región al oeste del Jordán. Los sacerdotes examinaban las paredes, ordenaban aislamientos de siete días, mandaban raspar el revoque o disponían la demolición total del inmueble si la contaminación continuaba.Fuentes: el propio texto bíblico · Canaan

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 34

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.