Nations Bible

Josué 4

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di: 2“Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi. 3Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’” 4Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi, 5epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo. 6Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’? 7Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’” 8Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la. 9Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a. 10Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse. 11Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la. 12Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a. 13Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a. 14Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo. 15Alò SENYÈ a te di a Josué: 16“Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.” 17Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.” 18Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an. 19Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho. 20Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal. 21Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’ 22Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’. 23Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a, 24pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Doce piedras conmemorativas y el cruce del Jordán

  • El capítulo describe dos conjuntos distintos de doce piedras: uno recogido del lecho del río por doce representantes de cada tribu y erigido en el campamento de Gilgal, y otro colocado por Josué directamente en medio del Jordán, donde estaban los sacerdotes. Estos monumentos servían como recordatorios educativos para las generaciones futuras.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilgal
  • Cumpliendo las instrucciones de Moisés, unos 40.000 guerreros armados de las tribus de Rubén, Gad y la media tribu de Manasés cruzaron al frente de Israel hacia los llanos de Jericó, a pesar de que sus territorios asignados se encontraban al oriente del Jordán.Fuentes: el propio texto bíblico · Reuben · Gad · Manasseh (son of Joseph)
  • El cruce del Jordán se vincula explícitamente con el cruce del Mar Rojo bajo el liderazgo de Moisés. El pueblo llegó a la ribera occidental el décimo día del primer mes y estableció su campamento en Gilgal, en el límite oriental de Jericó.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilgal · Jericho · Red Sea

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 3, 5, 7, 8, 9, 10, 12, 16, 17, 18, 19, 20, 22, 23
  • Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículos 13, 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.