Nations Bible

Josué 11

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph, 2ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès, 3vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye Mòn Hermon nan peyi Mitspa a. 4Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.

5Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.

6Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”

7Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo. 8SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo. 9Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.

10Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo. 11Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.

12Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a. 13Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile. 14Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.

15Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

16Konsa, Josué te pran tout tèritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen an, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li, 17soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.

18Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo. 19Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo. 20Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

21Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo. 22Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.

23Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La conquista del norte y la caída de Hazor

  • Hazor era descrita como la cabeza de todos los reinos cananeos del norte. Aunque los israelitas capturaron muchas ciudades levantadas sobre colinas durante esta campaña, Hazor fue la única ciudad fortificada que Josué quemó por completo.Fuentes: el propio texto bíblico · Hazor
  • La batalla junto a las aguas de Merom fue el combate decisivo que culminó la campaña del norte de Josué. Allí, los israelitas se enfrentaron a una enorme coalición armada con caballos y carros de guerra, encontrándose por primera vez con esa tecnología militar cananea.Fuentes: el propio texto bíblico · Jabin · Merom
  • El relato destaca que, con la única excepción de los heveos que vivían en Gabaón, ninguna ciudad cananea concertó la paz con Israel, lo que dio lugar a una prolongada guerra que finalmente pacificó toda la región.Fuentes: el propio texto bíblico · Hivite

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Hazor · Hoy: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículos 1, 10, 11, 13
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículos 2, 16
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículos 2, 16
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 3
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículos 3, 17
  • Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 8
  • Valley of Mizpeh · Hoy: about 30 km around Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 8
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 16
  • Valley of Lebanon · Hoy: Beqaa Valley · 34.009, 36.145 · versículo 17
  • Gibeon · Hoy: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 19
  • Hebron · Hoy: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículo 21
  • Ashdod · Hoy: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 22
  • Gaza · Hoy: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 22

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.