Nations Bible

Job 18

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Epi Bildad, Shuach la te reponn:

2“Pou jiskilè ou va chase pawòl?

Montre bon sans ou pou nou kab pale.

3Poukisa nou gade tankou bèt,

tankou sòt nan zye ou?

4O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,

èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,

oswa wòch la deplase nan plas li?

5“Anverite, limyè a mechan an va etenn,

e flanm dife li pap bay limyè.

6Limyè nan tant li an vin fènwa,

e lanp li etenn sou li.

7Gran pa dyanm li yo vin kout,

e pwòp manèv li a vin desann li.

8Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li

e li mache sou filè a.

9Yon pèlen pran l pa talon,

e yon filè vin fèmen sou li.

10Yon pyèj kache pou li nan tè a,

e yon zatrap sou chemen li.

11Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l

nan chak pa ke li fè.

12Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.

13Kò li devore pa maladi;

premye ne lanmò a devore manm kò li yo.

14Li fin chire soti nan sekirite tant li an

e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.

15Anyen pa rete nan tant li ki pou li;

souf gaye toupatou sou abitasyon li.

16Rasin li vin sèch anba li,

e branch li fin koupe pa anwo.

17Memwa li fin disparèt sou tè a

men li pa gen non nan okenn lòt peyi.

18Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb,

e chase jis deyò mond kote moun rete a.

19Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a,

ni okenn moun ki rete kote li te demere.

20Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li

e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.

21Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a.

Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El segundo discurso de Bildad sobre el destino de los impíos

  • A Bildad se le llama suhita, una designación tradicionalmente vinculada a Súa, una región de Arabia asociada con los descendientes de Abraham y Cetura. En este segundo discurso a Job, Bildad mantiene un tono severo al reprenderlo y sostener la segura perdición de los malvados.Fuentes: Bildad · el propio texto bíblico
  • Para ilustrar la destrucción que aguarda al impío, Bildad recurre a metáforas de caza antiguas. Describe su ruina mediante imágenes de lazos ocultos, trampas escondidas en la tierra y redes que apresan al caminante.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.