Juan 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. 2Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
3Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
4Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
5Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
6La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21Men Li t ap pale sou tanp kò Li a. 22Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun. 25Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

¿Sabías que…?
De una boda en Caná al templo en Jerusalén
- Caná, una ciudad de Galilea cercana a Capernaúm, no se menciona en el Antiguo Testamento. Algunos la identifican con Kana el-Jelil, también llamada Khurbet Kana, a ocho o nueve millas al norte de Nazaret; otros, con Kefr Kenna, a unas cinco millas al noreste de Nazaret y a doce millas en línea recta desde Tiberíades, en el camino hacia el mar de Galilea. Allí Jesús realizó la primera de sus señales, al convertir el agua en vino en una boda.Fuentes: Cana · el propio texto bíblico
- Después de la boda, Jesús bajó a Capernaúm con su madre, sus hermanos y sus discípulos, y permanecieron allí unos días. Capernaúm, “el pueblo de Nahúm”, era una ciudad de Galilea que no se menciona en el Antiguo Testamento. Después de ser expulsado de Nazaret, llegó a ser su propia ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico · Capernaum
- Cuando se acercaba la Pascua judía, Jesús subió a Jerusalén, una ciudad en las montañas. Su nombre, en forma dual, significa “posesión de paz” o “fundación de paz”, probablemente en referencia a los montes Sion y Moriah o, como algunos suponen, a la ciudad alta y la ciudad baja; los árabes modernos la llaman el-Khuds, “la santa”. Quienes exigieron una señal dijeron que el templo había tardado cuarenta y seis años en construirse, y una cronología fecha esta Pascua y el episodio del templo en el año 27 d. C.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · First Passover and Temple Cleansing
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org