Nations Bible

Jeremías 5

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen note. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem. 2E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”

3O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t santi doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.

4Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo. 5Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo. 6Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.

7Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo. 9“Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?

10“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye. 11Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.

12Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou. 13Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”

14Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt. 15Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di. 16Fouwo pa yo se kon yon tonm tou louvri; yo tout se gèrye vanyan. 17Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”

18“Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt. 19Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’

20“Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di: 21‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande. 22Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’

23“Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’

25“Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou. 26Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran. 27Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen. 28Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.

29“Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?

30“Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a: 31Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Juicio sobre la Injusticia y la Falsedad de Jerusalén

  • Dios pide buscar por las calles y plazas de Jerusalén para comprobar si queda al menos una persona que practique la justicia y busque la verdad, prometiendo perdonar a la ciudad si se halla una sola. Jeremías observa que ni la gente común ni los gobernantes poderosos conocen ni siguen los caminos del SEÑOR.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
  • Jeremías advierte sobre una invasión inminente a manos de una nación antigua y lejana, cuyo idioma Judá no comprende. Aunque este ejército invasor devastará las cosechas, los rebaños y las ciudades fortificadas, el SEÑOR asegura que no destruirá a Su pueblo por completo.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo condena a las élites corruptas que se enriquecen mediante el engaño, comparando sus casas con jaulas repletas de aves atrapadas. Se les reprende por descuidar la justicia, en especial por no defender los derechos de los huérfanos y de los necesitados.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.