Jeremías 49
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a:
“Èske Israël pa gen fis?
Oswa èske li pa gen eritye?
Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad,
e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
2Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”,
deklare SENYÈ a:
“ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè
kont Rabbath, fis a Ammon yo;
epi li va devni pil dezole, e vil li yo va limen ak dife.
Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,”
pale SENYÈ a.
3“Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi!
Kriye fò, O fi a Rabbath yo!
Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri
e kouri fè ale retou anndan miray yo;
paske Malcom va ale an egzil
ansanm ak prèt li yo ak prens yo.
4Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule,
O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo?
E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
5Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,”
deklare Senyè BONDYE dèzame yo:
“Soti nan tout kote ki antoure ou yo;
epi nou chak va chase sòti tèt devan,
san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.
6“Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,”
deklare SENYÈ a.
7Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Èske pa gen sajès ankò nan Théman?
Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi?
Èske sajès yo vin pouri?
8Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo,
O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen
dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
9Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou,
èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè?
Si yon vòlè te vini lannwit,
yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.
10Men Mwen te retire rad sou Ésaü.
Mwen te dekouvri kote kache li yo
jiskaske li pa t ka kache menm.
Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak
li menm pa egziste menm ankò.
11Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo.
Kite vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
12Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l. 13Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”
14Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a
e yon mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap
di: “Rasanble nou ansanm.
Vin kont li!
Leve pou batay!”
15“Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo,
meprize pami lòm.
16Men pou laperèz a ou menm,
awogans a kè ou te twonpe ou;
ou menm ki rete nan twou wòch yo,
ki okipe wotè a kolin nan.
Malgre ou fè nich ou wo tankou èg,
M ap rale ou desann soti la,”
deklare SENYÈ a.
17“Édom va devni yon objè degoutan;
chak moun ki pase bò kote li va etone,
e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.
18Tankou boulvèsman Sodome ak Gomorrhe
ak vwazen li yo”, di SENYÈ a:
“pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan
fis a lòm ki rete la.
19“Gade byen, youn va monte kon yon lyon
ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki
tèlman byen wouze;
pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li
e nenpòt moun ki deziye,
Mwen va bay li pouvwa sou li.
Paske se kilès ki tankou Mwen menm?
E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen?
Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
20Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom
ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo:
Anverite, yo va trennen yo deyò,
menm pi piti nan bann mouton an.
Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.
21Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey!
Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.
22Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg
e lonje zèl li kont Botsra.
Kè a moun pwisan yo va tankou
kè a yon fanm k ap pouse pitit.
23Konsènan Damas.
“Hamath ak Arpad fè wont nèt,
paske yo te resevwa move nouvèl.
Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt.
Gen enkyetid bò lanmè a;
li pa ka kalme.
24Damas vin enpwisan nèt;
li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li.
Gwo doulè ak sezisman pran l
tankou yon fanm k ap akouche.
25Ki jan vil lwanj Mwen an pa vin dezète,
vil lajwa Mwen an!
26Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo
e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,”
deklare SENYÈ dèzame yo.
27Mwen va mete dife nan miray Damas lan
e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.
28Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo,
ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay.
Konsa pale SENYÈ a:
“Leve monte Kédar e detwi mesye nan lès yo.
29Yo va pran tant yo ak bann mouton yo;
yo va pote pou kont yo tout rido tant yo,
tout byen yo ak tout chamo yo
e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
30“Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”,
deklare SENYÈ a:
“Paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan,
te pran konsey kont nou,
e te fome yon plan kont nou.
31Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,”
deklare SENYÈ a:
“Li pa gen pòtay, ni fè fòje;
yo rete pou kont yo.”
32Chamo pa yo va devni piyaj,
gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran,
Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki
koupe kwen cheve yo;
e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,”
deklare SENYÈ a.
33“Hatsor va vin yon kote pou chen mawon,
yon kote dezole jis pou tout tan.
P ap gen moun ki rete la,
ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”
34Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di: 35“Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
‘Gade byen, Mwen va kraze banza Élam nan,
pi fò nan pwisans pa yo.
36Mwen va mennen sou Élam kat van
ki sòti nan kat pwent syèl yo,
e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo.
P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.
37Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo
ak devan sila k ap chache lavi yo.
Mwen va mennen gwo kalamite sou yo,
menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a.
‘Mwen va voye nepe kont yo
jiskaske Mwen fin manje yo nèt.
38Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam,
e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.
39‘Men li va vin rive nan dènye jou yo,
ke Mwen va restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”

¿Sabías que…?
Juicios sobre las Naciones Vecinas
- Jeremías reprende a los amonitas por ocupar el territorio al este del río Jordán que había sido asignado a la tribu de Gad. Su ciudad principal, Rabá, es advertida sobre la destrucción y el exilio de su deidad Milcom y de sus líderes.Fuentes: el propio texto bíblico · Gad · Rabbah
- La profecía contra Edom refleja su geografía montañosa y escarpada, donde los habitantes construían fortalezas en las hendiduras de las rocas. También menciona a Temán, un distrito del sur famoso por la reconocida sabiduría de su gente.Fuentes: el propio texto bíblico · Edom · Teman
- Cedar se refiere a tribus árabes nómadas que habitaban en tiendas y se desplazaban por el desierto con sus camellos y rebaños. El capítulo predice el saqueo y la derrota de estas tribus a manos del rey babilonio Nabucodonosor.Fuentes: el propio texto bíblico · Kedar · Nebuchadnezzar
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3, 4, 6
- Rabbah · Hoy: Amman · 31.955, 35.934 · versículos 2, 3
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 7, 8, 10, 14, 15, 17, 18, 19, 20, 21, 22
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 19
- Red Sea · Hoy: Gulf of Aqaba · 28.750, 34.750 · versículo 21
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 23, 24, 27
- Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 23
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 28, 30, 31
- East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 28
- Kedar · 29.811, 39.868 · versículo 28
- Elam · 32.189, 48.258 · versículos 34, 35, 36, 37, 38, 39
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org