Jeremías 10
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël. 2Konsa pale SENYÈ a:
“Pa aprann abitid a nasyon yo,
ni pa vin krent sign nan syèl yo,
malgre nasyon yo krent yo anpil.
3Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;
konsi se bwa ki koupe nan forè,
zèv men atizan ki koupe ak zouti.
4Yo dekore l ak ajan ak lò;
yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.
5Yo tankou yon bwa palmis
ki fòme pa men moun,
men yo pa ka pale.
Fòk yo pote yo,
paske yo pa ka mache!
Pa krent yo;
paske yo p ap ka fè okenn mal,
ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
6Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.
Ou gran!
Gran se non Ou an pwisans!
7Se kilès ki pa ta krent Ou,
O Wa a nasyon yo?
Anverite, se sa Ou merite!
Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,
ak nan tout wayòm yo,
nanpwen okenn tankou Ou.
8Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli;
enstwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
9Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz,
travay a yon atizan e men a yon òfèv.
Vètman yo an vyolèt e mov;
tout se zèv a ouvriye byen fò.
10Men SENYÈ a se vrè Bondye a;
Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.
Devan kòlè Li, tout latè tranble
e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
11Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”
12Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.
Li te etabli lemonn ak sajès Li;
ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
13Lè Li fè vwa L sone,
dlo yo mele nan syèl yo.
Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.
Li fè loray pou lapli,
e Li fè van sòti nan depo Li yo.
14Tout moun se ensanse, san konesans.
Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li;
paske imaj fonn li se desepsyon.
Nanpwen souf nan yo.
15Yo san valè, yon zèv k ap twonpe.
Nan lè règleman pa yo, yo va peri.
16Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa;
paske Kreyatè a tout bagay se Li menm;
e Israël se tribi eritaj Li.
SENYÈ dèzame yo se non Li.
17Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!
18Paske konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, M ap voye pèp peyi sa a deyò nan moman sa a.
Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”
19Malè a mwen, akoz blesi m nan!
Blesi m nan byen grav.
Men mwen te di:
“Anverite, sa se gwo doulè m;
fòk mwen pote l.”
20Tant mwen an fin detwi.
Tout kòd mwen yo fin chire.
Fis mwen yo te kite mwen.
Yo pa la ankò.
Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò,
ni pou monte rido mwen yo.
21Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse;
yo pa t chache SENYÈ a.
Akoz sa, yo pa reyisi;
tout bann mouton yo fin gaye.
22Bri rapò a rive!
Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a!
K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon,
yon andwa pou chen mawon.
23Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm,
ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
24Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis;
pa nan kòlè Ou,
sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.
25Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo
ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo;
paske yo te devore Jacob.
Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.

¿Sabías que…?
El Dios vivo y la futilidad de los ídolos
- Jeremías señala que los artesanos adornaban ídolos de madera con plata martillada traída de Tarsis —a menudo identificada con un puerto fenicio en España— y oro de Ufaz, un lugar que algunos asocian con Ofir.Fuentes: el propio texto bíblico · Tarshish · Uphaz
- El profeta compara las imágenes talladas con espantapájaros en un campo de pepinos, subrayando que no pueden hablar, deben ser transportadas porque no caminan y se aseguran con martillo y clavos para no tambalearse.Fuentes: el propio texto bíblico
- Junto con las advertencias contra la idolatría, Jeremías ordena a los habitantes asediados de Judá que recojan sus pertenencias, anunciando una conmoción destructiva desde el norte que dejará las ciudades desoladas.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 17
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org