Jueces 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. 2Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm. 3Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan. 4Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a. 5Li te konn chita anba pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te konn vin vè li pou l fè jijman. 6Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. 7Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e mwen va mete li nan men ou.” 8Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen p ap prale.”
9Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch. 10Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. 11Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la. 12Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor. 13Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon. 14Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. 15SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye. 16Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete. 17Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
18Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
19Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li. 20Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
21Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
22Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
23Konsa, Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo. 24Men a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.

¿Sabías que…?
Débora, Barac y la Derrota de Sísara
- Débora es presentada como profetisa y jueza de Israel. En lugar de gobernar desde una guarnición militar, atendía al pueblo bajo una palmera en la región montañosa de Efraín, entre Ramá y Betel, adonde los israelitas acudían en busca de consejo y para resolver disputas.Fuentes: el propio texto bíblico · Deborah
- La batalla enfrentó a 10.000 soldados de a pie de Neftalí y Zabulón contra la imponente fuerza de 900 carros de hierro de Sísara, apostados junto al arroyo de Cisón cerca de Haroset-goyim. Los carros de hierro daban a los cananeos gran ventaja en terrenos llanos, pero las tropas de Barac descendieron sobre ellos desde las laderas del monte Tabor.Fuentes: el propio texto bíblico · Harosheth-hagoyim · Kishon · Barak
- Sísara buscó refugio entre los ceneos porque su líder Héber mantenía relaciones pacíficas con el rey Jabín de Hazor. En la vida nómada, las mujeres solían encargarse de armar y fijar las tiendas, por lo que Jael dominaba el uso de las estacas de madera y los mazos que utilizó contra Sísara.Fuentes: el propio texto bíblico · Jael · Heber · Sisera (army captain)
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 2, 23, 24
- Hazor · Hoy: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículos 2, 17
- Mount Tabor · Hoy: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículos 6, 12, 14
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org