Jueces 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa. 2Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe. 3(Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?”
4Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin. 5Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri. 6Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël. 7Gade byen, tout fis Israël yo, bay lide avèk konsèy nou isit la.”
8Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou. 9Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò. 10Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.” 11Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun.
12Alò, tribi Israël yo te voye mesye yo pami tout tribi Benjamin an, e yo te di: “Ki kalite mechanste sa ki te fèt pami nou an? 13Pou sa, livre bannou mesye sa yo, sanzave Guibea yo, pou nou kab mete yo a lanmò e retire mechanste sa an Israël.”
Men fis Benjamin yo te refize koute vwa a frè yo, fis an Israël yo. 14Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo. 15Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè. 16Pami tout moun sa yo, sèt-san òm ekstrawòdinè yo se te moun goche. Yo chak ta kapab tire yon wòch avèk fistibal sou yon grenn cheve e yo pa janm pa pran l. 17Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè.
18Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?”
Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
19Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea. 20Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea. 21Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo. 22Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a. 23Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?”
Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”
24Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a. 25Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.
26Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a. 27Fis Israël yo te mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo, 28epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?”
Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”
29Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad. 30Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo. 31Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit.
32Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.”
33Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm. 34Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo. 35Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo 36Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske lè mesye Israël yo te bay tèren a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea. 37Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe. 38Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la. 39Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.” 40Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la. 41Alò, moun Israël yo te vire e mesye Benjamin yo te vin sezi avèk laperèz; paske yo te wè ke yon gwo dega te sou yo. 42Pou sa, yo te vire do devan Israël vè dezè a, men batay la te vin jwenn yo pandan sila ki te sòti nan vil yo te detwi yo nan mitan li. 43Yo te vin antoure mesye Benjamin yo; yo te pouswiv yo san repo e yo te foule yo anba pye anfas Guibea vè lès la. 44Konsa, diz-uit-mil òm a Benjamin te tonbe; tout sila yo se te vanyan gèrye. 45Rès yo te sove ale vè dezè a nan wòch Rimmon. Men yo te kenbe senk-mil nan yo sou chemen e te vin rive sou yo nan Guideom. Yo te touye de-mil nan yo. 46Konsa, tout Benjamit ki te tonbe nan jou sa yo se te venn-senk-mil òm ki te rale nepe; tout sila yo se te vanyan gèrye. 47Men sis-san òm te vire kouri vè dezè a nan wòch Rimmon e yo te rete nan wòch Rimmon pandan kat mwa. 48Mesye Israël yo, alò, te vire retounen kont fis a Benjamin yo pou te frape yo avèk lam nepe, tout vil la avèk bèt yo ak tout sa ke yo te twouve. Anplis, yo te mete dife nan tout vil ke yo te twouve yo.

¿Sabías que…?
La guerra contra Benjamín
- La expresión 'desde Dan hasta Beerseba' describe toda la extensión de la Tierra Prometida de norte a sur, una distancia de unos 230 km. La asamblea se congregó en Mizpa, una ciudad situada sobre una colina al noroeste de Jerusalén que solía servir como punto de reunión durante grandes crisis nacionales.Fuentes: Beersheba · Mizpah · el propio texto bíblico
- El texto señala que Finees, hijo de Eleazar y nieto de Aarón, ministraba ante el Arca del Pacto en Betel cuando Israel consultó a Dios. Este detalle sitúa la guerra civil de Gabaa en las primeras etapas del período de los jueces, apenas dos generaciones después del Éxodo.Fuentes: Phinehas (Levite) · Eleazar · Aaron · Bethel (of Palestine)
- Tras pérdidas devastadoras que casi aniquilaron a la tribu de Benjamín, solo 600 guerreros lograron escapar. Huyeron a la peña de Rimón, un promontorio escarpado en el límite de la región montañosa, donde resistieron durante cuatro meses.Fuentes: Rimmon · Gibeah · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 1
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 1
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
- Maareh-geba · Hoy: within 2 km of Tel el Ful · 31.823, 35.231 · versículo 33
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org